Song: Pandan n ap tann
Artist:  K-Lib
Year: 2021
Viewed: 8 - Published at: 10 years ago

Èske l vin Rap, oubyen èske m vin batay
Repons m poko ap bay, sèlman m f on lòt bagay

Pou tout sa k t ap ret tann
K-Lib rapè ak nanm
Karyè m dèyè m devan n
Prensip yo m ap defann
Benefis dout yo ban m
M vin ak Rap pou revann
Kèk bon bit pou w detann
Sa a s on jam session ret tann

S on Jam session nou mèt tann


Respè pou fan ki ret konekte ak mwen sou entènèt
Sa k te rete fidèl sou twitter nan Tèt a tèt ou Tèt pou tèt
Ak tout sa k sipòte m on gwo mèsi ak Tout Senserite m
Verite m se sa k fè Pleb Mizik sanse k merite m

Gras a nou m ka di m pa t gen yon Fake siksè
Nan met plis kè nan tèks mwen sa fè m jwenn plis kè
Ayiti Ayisyen nou se yon sous enspirasyon
Nan fason n Bouske Solèy malgre san satisfaksyon
Ou mèt rele m Mawon m ap retounen menm si m pran lafuit
Ak onksyon Bawon on bon jou jedi Nan fon Lannuit
Move lawon se yo k pouse do m Èske w te Konnen
Kantite Lespwa k pati yo pa t menm kite boujonnen

Sou papye inivèsitè pwofesyonèl yo krache
Dèyè tout dyaspora G on Istwa papye k kache
Albòm sa vin pwopoze n on Rewind
We ride with the real Pyelila ban nou design

Plezi nan kè sote pwezi san kanpe
Krezi san danje gras a Jah malgre dlo nan je
De tout fason mwen ak ou se 2 Viktim
De on team kowonpi k legalize krim

Ouragan move lavi fè m viv separasyon Trajik
Kèk Nice Beat Dice Dedy ak Ben ki fè vi m majik
Sou broadway yo mande m Alyennkat kou Manno Chalmay
Se Foulay men lè l di w l ap benyen nan chanpay

M viv Lanmou nou nan Lapenn mwen gras a Wid
Si m pat fè l ak nou tout franchman m t ap santi m vid
M s on Graten konsa n ka wè m tou kraze bak
Si n te pran l'Apostat pou yon fen now K-Lib is back

Petwopozisyon s on bonis pou n fè Petwospektiv
Pou Listwa viv m rape yon retwospektiv
K-Lib rete K-Lib reyalite m pa labib
M ka lib pou pale ak punchline gwo kalib

( K-Lib )
www.ChordsAZ.com

TAGS :