Song: Pi bon zanmi mwen
Artist:  Anie Alerte
Year: 2021
Viewed: 5 - Published at: 5 years ago

Verse 1]
M konn ap veye granmoun ki chita ap pale
De zanmitay nan le pase ke jodi a y ap chèche
Mwen konn tande moun k ap di ke lanmitye
De nos jour pa janm dire gen sak di l pa egziste
Men lè m gade mwen avè w tout sa nou pataje
M pran diksyonè an mwen pou m chèche
M pa wè lòt sa w te ka ye

[Refrain]
Ou se solèy nan lajounen mwen
Bel linn zetwal nan lannwit mwen
Ou se lapli lè sechrès mwen
Ou seee
Ou se sèl nan manje m
Enkanasyon bondye nan je m
Batman kè mwen
Wi ou se pi bon zanmi mwеn

[Verse 2]
Si w byen gade w ap wè se sa k pa mankе
Nan fon kè w si w byen chèche w ap jwenn youn kite kache
Sa konn rive kè n gen kont fè ti fache
Fè kèk tan sann pa pale menn toujou rekonsilye
Koz lè n gade mwen avè w tout sa nou pataje
Nou pa t ap janm ka imajine ke'n genyen pou n separe
[Refrain]

[Bridge]
Ou konn sa m vle lè m pa mande
Ou konn sa m panse sanm pa pale
Lè m bezwen'w ou pa janm twò lwen ou pran defans mwen
Ou konn janm ye lè m pa kontan
Suporte m nan move Moman m yo
Ou voye je w sou mwen detanzantan

[Refrain]

( Anie Alerte )
www.ChordsAZ.com

TAGS :