Song: Pinga
Year: 2021
Viewed: 41 - Published at: 4 years ago

[ KÒMANSMAN ]

Ooowouuuuuuu

[ REFREN ]

Pinga kont pinga bri pinga kraze
Sa lanmou mare
Pinga move jou fè n rive bliye
Eprèv nou te sipòte
Pinga pinga  panse
Lanmou pa gentan maske
Pinga pinga  panse
Lanmou se jwèt tibebe

[ KOUPLÈ 1 ]

Lavi ap mennen n
Nan pye nou vye moman met chenn
Lanmou dechennen n
Kèk fwa l fè n viv san lapenn
Men kèk vye koze
Kèk fwa fè n pale n depale n vle chanje
Nou vle pèdi fren
Nou konn menm bliye ke lanmou se yon flè
N ta dwe toujou wouze
[ REFREN ]

Pinga kont pinga bri pinga kraze
Sa lanmou mare
Pinga movе jou fè n rive bliye
Eprèv nou te sipòtе
Pinga pinga panse
Lanmou pa gen tan maske
Pinga pinga panse
Lanmou se jwèt tibebe
Pinga pinga panse
Lanmou se jwèt tibebe

[ KOUPLÈ 2 ]

Nou souvan fè sèman
Men n pa toujou kenbe pawòl
Lanmou pa toujou
Bèl moman bèl pawòl sèlman
Men vye konpòtman
Kèk fwa fè n bliye osinon neglije
Tout bon santiman
Nou souvan vle kraze yon kite sa
Pou n kite kè n nan traka

[ REFREN ]
Pinga kont pinga bri pinga kraze
Sa lanmou mare
Pinga move jou fè n rive bliye
Eprèv nou te sipòte
Pinga pinga panse
Lanmou pa gen tan maske
Pinga pinga panse
Lanmou se jwèt ti bebe
Pinga pinga panse
Lanmou se jwèt ti bebe

[ FEN ]

Ti bebe
Ti bebe
Ti bebe

( Tafa Mi-Soleil )
www.ChordsAZ.com

TAGS :