Song: Reponn
Year: 2021
Viewed: 25 - Published at: a year ago

[ KÒMANSMAN ]

Ouuuuuuu ouuuuuuuu ouuuuuuuuuu

[ KOUPLÈ 1 ]

Mwen rele w mwen pa tande ou
Reponn
Mwen chèche w men mwen pa janmen
Jwenn ou
Konbyen fwa nan pòt kè ou mwen va frape
Louvri m
Konbyen twou nan lespri ou m a va fouye
Pou jwenn sekrè ou

Lavi nou ape make pa sou plas
Nou manke pale nou sere twòp kras
M anvi konnen ki doulè
Ki boule tout flè lavi w

Reponn
Reponn
[ REFREN ]

Mwen di w reponn
Depoze nan pla men m tristès doulè w
Reponn
Depoze nan bra m tout sa ki fè w pè
Reponn mwen
Tankou glas anba solèy
Kite ou fonn sou kè m
Reponn mwеn
Reponn

[ KOUPLÈ 2 ]

Ouuuuuuuu ouuuuuuuu ouuuuuuu
Ouuuuuuuuu ouuuuuuuuu ouuuuuu

Plis ane yo ap kouri
M ap vyeyi
Mеn sa p ap chanje lanmou m
Ni vyeyi l
M p ap bouke kenbe men w
Pou travèse tout lanmè
M p ap neglije met fòs mwen
Pou kraze baryè fwontyè pou ou tou
E m anvi leve tout rido ki vwale
Sa k fè w mal e sa ki menm fè w kriye
Zanmitay ant nou pèdi
Wi lanmou nou menase

Reponn
Reponn

[ REFREN ]

Mwen di w reponn
Depoze nan pla men m tristès doulè w
Reponn
Depoze nan bra m tout sa ki fè w pè
Reponn mwen
Tankou glas anba solèy
Kite ou fonn sou kè m
Reponn
Reponn

[ FEN ]

Ouuuuuuuuu Ouuuuuuuuuu Ouuuuuuuuuu
Ouuuuuuuu Ouuuuuuuuuu Ouuuuuuuuuuu
Ouuuuuuu Ouuuuuuuuuuuu Ouuuuuuuuu

( Tafa Mi-Soleil )
www.ChordsAZ.com

TAGS :