Song: Yon Nuit
Artist:  Wellborn
Year: 2021
Viewed: 5 - Published at: 5 years ago

[ WELLBORN KOUPLÈ ]

Se te yon swa m te raz t ap chache on kwen pou m chase maux m
Anplis kè m ki te frèt gen yon ti van ki t ap glase po m
Aza ou destine m pa konn sa k mennen m nan yon ti bar
Pou detann mwen m te vle mizik pase alkòl ou siga
Bref te gen pour tous les goûts
Salsa zouk konpa
Poutan m al pantan sou bote l
M pa t ka fè plis kon pa
Pand on moman m santi tan an te baskile
Lè se kè k ap pale ou pa gen tan pou w kalkile
Donk li apwoche m anndan m vibre tankou yon sekous
Fè m rakwoche m pou m pa tonbe tèlman ti vwa I te dous
Ak yon souri li glise yon bèl ti mo nan zòrey mwen
F on kouran pran m nan cheve m rive jis nan zòtèy mwen
Lose kontwòl m pa konn si alkòl ou kòl jan l louke
Fè m krezi m sezi depi lè l di m baby ann zouke
M reponn ke m son thug (wè) prensès m pa ka danse
Li reponn pa enkyete w Wellborn kanpe, devan w m ap kadanse

[ REFREN - SAMPLING ]

Baby, I'm dancing in the dark with you between my arms
Barefoot on the grass, listening to our favourite song
When you said you looked a mess, I whispered underneath my breath
But you heard it, darling, you look perfect tonight



[ BIRD KOUPLÈ ]

M prè a tou
Yon feeling m pa ka esplike
Anba cha m ou
Non non m pa ka reziste
Met kè m ak ou
Pou yon fwa m santi m egziste
M prè pou m damou
E jamè m p ap deziste
Kou solèy nan je w m te wè bonè k ap leve
San somèy ni zetwal je klè m t ap reve
Kè w t ap bat fò m santi souf ou dèyè kou m
M tresayi lè w pase men w nan ren m met bouch ou sou jou m
M pèdi nan nuit la yon ti melodi pote m ale
Fè sa w vle avè m m garanti w m p ap pale
Mennen m kote w vle m ap pliye ak desizyon w Se kè m k ap pale pa gen plas pou rezon
Tankou avèg m lage kò m se pa mwen k ap fè demen
Yon koudèy yon souri menm yon pawòl ka chanje desten w
Si se pa t sware sa m t ap ret kwè ke lanmou s on mit
Fè m anvi eksplore mond ou sèlman nan yon nwit

[ REFREN - SAMPLING ]

Baby, I'm dancing in the dark with you between my arms
Barefoot on the grass, listening to our favourite song
When you said you looked a mess, I whispered underneath my breath
But you heard it, darling, you look perfect tonight



[ BIRD - PON ]

Baby avanse
F on ti balanse
An nou kadanse
S on moman ke m pa t panse
Cheri m pa chanceuse
Pa di m pasyante
Ann profite nwit lan ouvè kò w pou n ka danse



[ WELLBORN - PON ]

Cheri avanse
F on ti balanse
An nou kadanse
S on moman ke m pa t panse
Mwen tou m pa chanceux m p ap di w kadanse
Ann pwofite nuit lan jis ouvè kò w pou n ka danse

[ REFREN - SAMPLING ]

Baby, I'm dancing in the dark with you between my arms
Barefoot on the grass, listening to our favourite song
When you said you looked a mess, I whispered underneath my breath
But you heard it, darling, you look perfect tonight

( Wellborn )
www.ChordsAZ.com

TAGS :