Song: Mwen vle w
Year: 2021
Viewed: 27 - Published at: 6 years ago

[ KOUPLÈ 1 ]

Nan jaden kè m ou se pi bèl flè k pouse
Wi ou se dyaman mwen zantray mwen
Mil pwezi ni mil chante p ap rive
Di w kisa ou reprezante pou mwen
Mwen san ou s on gita k pa akòde
Ou louvri yon paj bonè nan vi mwen
Pou ou m prè pou brize tout miray
E ak ou mwen vle lavi mwen akòde

Nan jaden kè m ou se pi bèl flè k pouse
Wi ou se dyaman mwen zantray mwen
Mil pwezi ni mil chante p ap rive
Di w kisa ou reprezante pou mwen
Mwen san ou s on gita k pa akòde
Ou louvri yon paj bonè nan vi mwen
Pou ou m prè pou brize tout miray
E ak ou mwen vle lavi mwen akòde

[ REFREN ]
Mwen vle ou
M renmen ou
Ou se vi mwen
E ou se kè mwen
Mwen vle ou

[ KOUPLÈ 2 ]

Si dlo nan je m nan bra w mwen jwenn yon souri
Wi w se zetwal nan syèl mwen lè li fènwa
Sou wout lavi ak ou m pa pè mache
Lanmou ou kalme m lè m t a vle debòde
Mèsi pou men m ou kenbe lè mwen febli
Ak ou mwen wè lavi bèl e mwen kab souri
M di pou ou m prè pou brize tout miray
E ak ou mwen vle lavi mwen akòde

[ REFREN ]

Mwen vle ou
M renmen ou
Ou se vi mwen
E ou se kè mwen
Mwen vle ou
Mwen vle ou
M renmen ou
Ou se vi mwen
E ou se kè mwen
Mwen vle ou
Mwen vle w
M renmen w
[ KORAL - FEN ]

Mwen vle w mwen vle w mwen vle w mwen vle w mwe vle w mwen vle ou

Mwen vle w
Mwen vle w

( Tafa Mi-Soleil )
www.ChordsAZ.com

TAGS :