Song: Padon
Year: 2021
Viewed: 30 - Published at: 5 years ago

[ KOUPLÈ 1 ]

M kite lògèy fin kouvri m
Sa fè
M di m pa gen anyen
Pou repwoche mwen
Men lè mwen chita nan fènwa
M pou kò m
M konnen se pa sèl ou ki gen tò

Ooooooooooooo

Kisa m t a bay
Pou panse tout, tout vye maleng nou yo
O! kisa m t a bay
Pou simen flè sou jou doulè ou yo

[ REFREN ]

Padon pou pwomès
Mwen pa t janm dwe fè
Padon Pou lanmou nou
Mwen sal ak fènwè
[ KOUPLÈ 2 ]

Sa fou Jan m pèdi yon pati nan mwen
Nan fè betiz
San rive mete mwen
Nan plas ou
M pa janm fè w eskiz ou p ap kase tèt tounen
Men sa pa grav
M pa merite ou nonplus

Ooooooooooooo

Kisa m t a bay
Pou panse tout, tout vye maleng nou yo
O! kisa m t a bay
Pou simen flè sou jou doulè ou yo

[ REFREN ]

Padon pou pwomès
Mwen pa t janm dwe fè
Padon Pou lanmou nou
Mwen sal ak fènwè

( Tafa Mi-Soleil )
www.ChordsAZ.com

TAGS :